Les Psaumes



Psaume 33


Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.

Tweet thisPost on Facebook

Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.

Tweet thisPost on Facebook

Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.


Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.


Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.


Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.

Tweet thisPost on Facebook

Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.


Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.

Tweet thisPost on Facebook

Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.


Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!


Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun.


Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.

Tweet thisPost on Facebook

Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.


Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.


Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.


L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.

Tweet thisPost on Facebook

Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.

Tweet thisPost on Facebook

Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.

Tweet thisPost on Facebook

Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe