Le Premier Livre Des Chroniques



I Chroniques 24


Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.


Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon.


Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun.


Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama.


Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm,


Arim twazyèm, Seorim katriyèm,


Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm,

Tweet thisPost on Facebook

Akòz setyèm, Abija wityèm,


Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm,

Tweet thisPost on Facebook

Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm,

Tweet thisPost on Facebook

Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm,

Tweet thisPost on Facebook

Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm,


Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm,

Tweet thisPost on Facebook

Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm,

Tweet thisPost on Facebook

Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm,

Tweet thisPost on Facebook

Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm.

Tweet thisPost on Facebook

Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay.


Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl,


Ichiya nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran.

Tweet thisPost on Facebook

Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt.

Tweet thisPost on Facebook

Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan.


Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche.

Tweet thisPost on Facebook

Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija,

Tweet thisPost on Facebook

Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari.


Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri.

Tweet thisPost on Facebook

Makli te gen de pitit gason: Eleaza ki pa t' gen pitit gason,

Tweet thisPost on Facebook

ak Kich ki te papa Jerakmeyèl.

Tweet thisPost on Facebook

Mouchi te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt. Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe