Le Premier Livre Des Chroniques



I Chroniques 7


Isaka te gen kat pitit gason: Tola, Fwa, Yachoub ak Chimwon.


Tola te gen sis pitit gason: Ouzi, Refaja, Jeryèl, Jakmayi, Jibsam ak Samyèl. Se yo ki te chèf fanmi Tola yo. Se te yon bann vanyan sòlda brave danje. Sou rèy David te gen venndemil sisan (22.600) moun nan branch fanmi sa a.


Ouzi te gen yon sèl pitit gason: Jizrakya. Jizrakya te gen kat pitit gason: Mikayèl, Obadya, Joèl ak Jichiya. Sa fè antou senk chèf fanmi.


Yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. Se konsa branch fanmi sa a te bay anpil gason bon pou fè lagè. Antou trannsimil (36.000).

Tweet thisPost on Facebook

Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevensètmil (87.000) gason antou, tout vanyan sòlda.

Tweet thisPost on Facebook

Benjamen te gen twa pitit gason: Bela, Bekè ak Jedyayèl.


Bela te gen senk pitit gason: Esbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo tout te chèf fanmi yo. Yo te vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, yo te rive gen venndemil trannkat (22.034) moun nan fanmi yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men non pitit gason Bekè yo: Zemira, Joas, Elyezè, Elioenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alamèt. Yo tout te pitit gason Bekè, chèf fanmi yo, tout vanyan sòlda.

Tweet thisPost on Facebook

Dapre rejis fanmi yo, te gen venmil desan (20.200) gason antou sou zòd yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men pitit Jedyayèl la: Bilan. Men pitit Bilan yo: Jeouch, Benjamen, Eyoud, Kenana, Zetan, Tasis ak Akichaka.

Tweet thisPost on Facebook

Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan (17.200) gason bon pou fè lagè.

Tweet thisPost on Facebook

Iri te gen de pitit gason: Choupim ak Oupim. Ouchim te pitit Ayè.


Men pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila.


Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad.


Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase.


Maka, madan Maki, fè yon pitit gason. Li rele l' Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm.

Tweet thisPost on Facebook

Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase.


Sè Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla.


Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam.

Tweet thisPost on Facebook

Efrayim te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Taka


ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo.

Tweet thisPost on Facebook

Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l' yo ki vin ba l' kouraj.


Apre sa, li al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason, li rele l' Berya paske malè te tonbe sou kay la.

Tweet thisPost on Facebook

Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou.


Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan.

Tweet thisPost on Facebook

Takan te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elichama

Tweet thisPost on Facebook

ki te papa Noun. Noun te papa Jozye.


Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo.


Moun Manase yo te kontwole lavil Bèt Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv.


Asè te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera.


Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit.

Tweet thisPost on Facebook

Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa.


Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat.

Tweet thisPost on Facebook

Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram.


Otam, lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal.

Tweet thisPost on Facebook

Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra,

Tweet thisPost on Facebook

Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera.

Tweet thisPost on Facebook

Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara.

Tweet thisPost on Facebook

Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya.

Tweet thisPost on Facebook

Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (26.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.







This goes to iframe