Les Psaumes



Psaume 115


Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!


Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an?


Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.


Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.


Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.


Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant.

Tweet thisPost on Facebook

Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.


Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.


Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.


Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo.


L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.


Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!


Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.


Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!







This goes to iframe