Les Psaumes



Psaume 119


Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!


Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!


Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.


Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.

Tweet thisPost on Facebook

Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!


Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.


M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.

Tweet thisPost on Facebook

Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.


Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.


Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.


Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.


M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.


Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.


Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

Tweet thisPost on Facebook

Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.


Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.


Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.

Tweet thisPost on Facebook

Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.


Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

Tweet thisPost on Facebook

Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè.


Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.


Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè.


Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.

Tweet thisPost on Facebook

Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.


Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.


Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.


Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.


Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.

Tweet thisPost on Facebook

Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.


Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.


Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.


Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!

Tweet thisPost on Facebook

Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!

Tweet thisPost on Facebook

Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la.

Tweet thisPost on Facebook

Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.

Tweet thisPost on Facebook

Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.

Tweet thisPost on Facebook

M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.


Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

Tweet thisPost on Facebook

Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa.

Tweet thisPost on Facebook

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv.


Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.


Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj.

Tweet thisPost on Facebook

Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.


Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè.


Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.


M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.


Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.

Tweet thisPost on Facebook

Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.


Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.


Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.

Tweet thisPost on Facebook

Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.


Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.


Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.


Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.


Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.


Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.


Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.


Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.


Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.


Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.

Tweet thisPost on Facebook

Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.

Tweet thisPost on Facebook

Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.


Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.


Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.


Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?


Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè.


Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo?


Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.


Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!


Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.


Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.


Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.


Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.


Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.

Tweet thisPost on Facebook

Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.


Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.


Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.


Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.


Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.


Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.


Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.


Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.


Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.


Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

Tweet thisPost on Facebook

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.


Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside.


Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.


Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.


Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.

Tweet thisPost on Facebook

Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou.


Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.


Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.


Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.


Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.

Tweet thisPost on Facebook

Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.


M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.


Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo.

Tweet thisPost on Facebook

Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.


Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la.

Tweet thisPost on Facebook

Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a.

Tweet thisPost on Facebook

Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.

Tweet thisPost on Facebook

Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.


Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

Tweet thisPost on Facebook

Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'.

Tweet thisPost on Facebook

Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.


Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo!


Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.


Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo.


Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè.


Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.


Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.


Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.


Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.


Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.


Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.

Tweet thisPost on Facebook

Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!

Tweet thisPost on Facebook

Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.

Tweet thisPost on Facebook

Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.


Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.

Tweet thisPost on Facebook

Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.


Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.


Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!


Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.


Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.


Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.

Tweet thisPost on Facebook

Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.

Tweet thisPost on Facebook

Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.

Tweet thisPost on Facebook

Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.

Tweet thisPost on Facebook

Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.


Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.

Tweet thisPost on Facebook

Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.


M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'.


Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!


Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

Tweet thisPost on Facebook

Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.







This goes to iframe