Les Psaumes



Psaume 122


Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.


Јерусалим данас (поглед са запада)

Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.


Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.


Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.


Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.

Tweet thisPost on Facebook

Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.


Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

Tweet thisPost on Facebook

Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!

Tweet thisPost on Facebook

Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.







This goes to iframe