Les Psaumes



Psaume 135


Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a,

Tweet thisPost on Facebook

nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!


Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.

Tweet thisPost on Facebook

Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.


Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.


Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a.


Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.

Tweet thisPost on Facebook

Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa:


Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.


Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.


Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou!


Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo.


Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.

Tweet thisPost on Facebook

Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.

Tweet thisPost on Facebook

Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!

Tweet thisPost on Facebook

Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!

Tweet thisPost on Facebook

Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe