L'Exode



Exode 26


N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.


Chak lèz twal va gen katòz mèt longè, de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè.

Tweet thisPost on Facebook

N'a koud lèz yo ansanm, senk yon bò, senk yon lòt bò.


Lè w'a fin koud senk premye lèz yo ansanm, w'a fè pasan ak kòdon ble sou tout bòdi senk premye lèz yo. W'a fè menm jan an tou ak senk lòt lèz yo.


W'a fè senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la. W'a fè yo koresponn de pa de.


W'a fè senkant ti kwòk an lò ki va sèvi pou kole de gwoup lèz yo yonn ak lòt pou yo fè yon sèl tant.

Tweet thisPost on Facebook

W'a fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou fè yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a.


Chak lèz va gen kenz mèt longè ak de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè.

Tweet thisPost on Facebook

W'a pran senk ladan yo, w'a koud yo ansanm. Apre sa, w'a pran lòt sis yo, w'a koud yo ansanm tou. W'a pliye sizyèm lèz la an de sou devan tant lan.

Tweet thisPost on Facebook

W'a mete senkant pasan sou bòdi premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan sou bòdi dènye lèz dezyèm gwoup la.

Tweet thisPost on Facebook

W'a fè senkant ti kwòk an kwiv, w'a pase yo nan pasan yo pou kole de gwoup lèz yo ansanm pou fè yon sèl tant.

Tweet thisPost on Facebook

Mwatye lèz ki an plis la va bat sou dèyè kay Bondye a pou kouvri l'.

Tweet thisPost on Facebook

Menm jan an tou, lèz ki sou kote yo pral gen yon pye edmi k'ap depase. Sa ki an plis la pral desann sou bò kay Bondye a pou kouvri l'.

Tweet thisPost on Facebook

W'a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a.


W'a pran bwa zakasya pou fè planch ankadreman pou soutni tant Bondye a.


Chak ankadreman va gen kenz pye longè sou vensèt pous lajè.

Tweet thisPost on Facebook

Yo chak va gen de bout depase ki va penmèt yo kole yonn ak lòt.

Tweet thisPost on Facebook

Lè w'ap fè ankadreman yo, w'a fè ven pou bò sid la.

Tweet thisPost on Facebook

W'a fè karant sipò an ajan pou ale anba ankadreman yo, de sipò anba chak ankadreman. Se ladan yo bout ki depase yo va chita.


Konsa tou, w'a fè ven ankadreman pou bò nò a

Tweet thisPost on Facebook

ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman.

Tweet thisPost on Facebook

W'a fè sis ankadreman pou dèyè tant Bondye a, sou bò lwès la,

Tweet thisPost on Facebook

ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dèyè tant Bondye a.

Tweet thisPost on Facebook

Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lòt pa anba. y'a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w'a moute de ankadreman k'ap fè kwen yo.

Tweet thisPost on Facebook

Konsa, va gen wit ankadreman avèk sèz sipò an ajan, de sipò anba chak ankadreman.

Tweet thisPost on Facebook

W'a fè travès ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bò sid tant Bondye a,


senk pou ankadreman sou bò nò a, senk pou ankadreman ki sou bò lwès la, pa dèyè.

Tweet thisPost on Facebook

Travès mitan an, k'ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lòt bout.

Tweet thisPost on Facebook

W'a kouvri tout kò ankadreman yo ak lò. W'a moute gwo bag an lò sou yo pou kenbe travès yo. W'a kouvri travès yo ak lò tou.

Tweet thisPost on Facebook

W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.


W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a.


W'a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lò. y'a gen kwòk an lò moute sou yo. y'a chita sou kat sipò an ajan.


Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.


W'a mete kouvèti a sou Bwat Kontra ki nan kote ki apa apa nèt pou Bondye a.


W'a mete tab la pa deyò rido a. Mete gwo lanp sèt branch lan sou bò sid tant lan, an fas tab la. Tab la menm va sou bò nò a.


Konsa tou, w'a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fè bèl bodri sou tout rido a.


Pou kenbe rido a, w'a fè senk poto an bwa zakasya, w'a kouvri yo ak lò, w'a moute ti kwòk an lò sou yo. y'a chita sou senk sipò an kwiv.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe