Les Proverbes



Proverbes 29


Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.


Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.


W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye.


Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.


Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo.

Tweet thisPost on Facebook

Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa.


Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men moun ki gen konprann konnen pou l' kontwole tèt li lè li fache.


Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache anyen p'ap regle.

Tweet thisPost on Facebook

Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'.

Tweet thisPost on Facebook

Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.

Tweet thisPost on Facebook

Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.

Tweet thisPost on Facebook

Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè.


Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan.


Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.

Tweet thisPost on Facebook

Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe.


Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.


Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande!


Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi.

Tweet thisPost on Facebook

Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.

Tweet thisPost on Facebook

Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye.


Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.

Tweet thisPost on Facebook

Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.


Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li.


Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.


Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.







This goes to iframe