La Genèse



Genèse 40


Kèk tan apre sa, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa Lejip la te fè mèt yo yon bagay.


Farawon an te move ni sou chèf kanbiz la ni sou chèf boulanje a.


Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an.


Kòmandan gad palè a mete yo sou kont Jozèf pou l' sèvi yo. Yo pase kèk tan nan prizon an.

Tweet thisPost on Facebook

Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo.


Lè Jozèf vin jwenn yo nan denmen maten, li jwenn yo boulvèse.

Tweet thisPost on Facebook

Li mande yo: -Poukisa nou kagou konsa jòdi a?

Tweet thisPost on Facebook

Yo reponn li: -Nou chak fè yon rèv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Jozèf reponn yo: -Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m' rèv nou yo.


Chèf kanbiz la rakonte Jozèf rèv li te fè a, li di l': -Nan rèv mwen an, mwen wè yon pye rezen devan m'.

Tweet thisPost on Facebook

Li te gen twa branch. Branch yo pran boujonnen, yo fè flè, yo fè rezen, rezen yo mi.

Tweet thisPost on Facebook

Сан старешине над пехарницима

Gwo gode farawon an te nan men mwen. Mwen pran rezen yo, mwen pije yo nan gode farawon an, lèfini mwen bay wa a li.

Tweet thisPost on Facebook

Jozèf di li: -Men sa rèv la vle di: Twa branch yo se twa jou.


Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l' anvan lè ou te chèf kanbiz li a.


Men, lè tout bagay va mache byen pou ou, pa bliye m'. Tanpri, rann mwen sèvis sa a, pale ak farawon an pou mwen. Fè m' soti nan prizon sa a.


Ou wè: se vòlè yo te vòlè m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fè anyen pou yo te mete m' nan prizon.


Lè chèf boulanje a wè bèl esplikasyon Jozèf te bay lòt la, li di l': -Mwen menm tout mwen fè yon rèv. Mwen wè te gen twa panyen pen sou tèt mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Сан старешине над хлебарима

Nan panyen ki te anwo nèt la, te gen tout kalite bagay yo konn kwit nan fou pou wa a. Men, zwazo t'ap manje yo nan panyen an sou tèt mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Jozèf reponn li: -Men sa rèv la vle di: Twa panyen yo se twa jou.

Tweet thisPost on Facebook

Јосиф тумачи снове фараонових дворана

Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l'ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye ou.

Tweet thisPost on Facebook

Sou twa jou vre, farawon an t'ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo.


Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l'.


Men, li fè pann chèf boulanje a, jan Jozèf te di yo a.


Men, chèf kanbiz la pa dòmi reve Jozèf, li bliye l' nèt.








This goes to iframe