Le Second Livre De Samuel



II Samuel 22


Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.


Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'.


Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo.


Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!

Tweet thisPost on Facebook

Lanmò te fin vlope m', mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'.

Tweet thisPost on Facebook

Nan mizè mwen te ye a mwen rele Seyè a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.


Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè.


Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.


Li bese syèl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li.


Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.


Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès plen dlo te vlope l' toupatou.

Tweet thisPost on Facebook

Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.


Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo, li fè yo tout kouri ak kout zèklè.


Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'.

Tweet thisPost on Facebook

Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te kenbe m'.

Tweet thisPost on Facebook

Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen m'.


Seyè a ban m' sa m' merite, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon paske li wè mwen inonsan.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.


Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.


Se konsa li ban m' sa m' merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.

Tweet thisPost on Facebook

Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon.


Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.


Ou sove moun ki soumèt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo.


Seyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.

Tweet thisPost on Facebook

Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.

Tweet thisPost on Facebook

Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.


Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?


Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch.


Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe.

Tweet thisPost on Facebook

Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.


Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'.

Tweet thisPost on Facebook

Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen jete yo atè, m' kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Ou ban m' kont fòs pou m' goumen. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.


Ou fè yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.

Tweet thisPost on Facebook

Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.


Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari.

Tweet thisPost on Facebook

Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou fè m' rete chèf pou m' gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pa t' konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.


Moun lòt peyi yo ap achte figi m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi m'.

Tweet thisPost on Facebook

Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.


Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa!


Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.


Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.

Tweet thisPost on Facebook

Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou.


Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe