Le Premier Livre Des Rois



I Rois 4


Salomon te wa sou tout pèp Izrayèl la nèt.

Tweet thisPost on Facebook

Men non chèf ki te nan gouvènman li an: Azarya, pitit Zadòk, te prèt la.

Tweet thisPost on Facebook

Elikorèf ak Akija, pitit gason Chicha yo, te sekretè palè a. Jozafa, pitit Ayiloud, te reskonsab achiv wa a.


Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt.


Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a.


Ayicha te chèf kanbiz palè a. Adoniram, pitit gason Abda, te reskonsab travay kòve yo.


Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a.

Tweet thisPost on Facebook

Men non douz gouvènè yo ak zòn sou reskonsablite yo chak: Bennour, pou zòn mòn Efrayim yo,

Tweet thisPost on Facebook

Benndeke, pou zòn lavil Makaz, lavil Chalbim, lavil Bèt-Chemèch, lavil Elon ak lavil Bèt anan.

Tweet thisPost on Facebook

Bennesèd, pou zòn lavil Awoubòt, lavil Soko ak tout peyi Efè a.

Tweet thisPost on Facebook

Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a.

Tweet thisPost on Facebook

Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam.

Tweet thisPost on Facebook

Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv.


Akinadad, pitit gason Ido, pou zòn Manayim.

Tweet thisPost on Facebook

Akimaz, ki te marye ak Basmat, yonn nan pitit Salomon yo, pou zòn Neftali a.

Tweet thisPost on Facebook

Bana, pitit gason Ouchayi, pou zòn Asè a ak lavil Bealòt.

Tweet thisPost on Facebook

Jozafa, pitit gason Pawouk, pou zòn Isaka a.

Tweet thisPost on Facebook

Chimeyi, pitit gason Ela, pou zòn Benjamen an.

Tweet thisPost on Facebook

Gebè, pitit gason Ouri, pou zòn Galarad, ansyen peyi Siyon, wa moun Amon yo ak Og, wa peyi Bazan an. Te gen yon gouvènè jeneral tou pou tout peyi a.


Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan.


Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.


Men pwovizyon Salomon te bezwen chak jou: sansenkant (150) barik kè ble, twasan (300) barik farin frans,


dis bèf angrese nan pak, ven bèf angrese nan savann, san mouton, san konte bèt mawon, mal ak fenmèl, ak bèt volay byen gra.

Tweet thisPost on Facebook

Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t'ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pa t' ni nan goumen ni nan kont ak ankenn peyi nan vwazinaj li.


Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.


Salomon te gen katmil (4.000) pak pou chwal cha lagè yo, ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda.


Douz gouvènè yo te gen pou ranmase pwovizyon wa Salomon te bezwen pou li menm ak pou moun k'ap manje nan palè a, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. Yo pa janm kite anyen manke.

Tweet thisPost on Facebook

Gouvènè yo te gen pou bay lòj ak zèb tout kote yo bezwen pou chwal cha lagè yo ak lòt bèt chay.

Tweet thisPost on Facebook

Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire.

Tweet thisPost on Facebook

Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip.


Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon.


Li te ekri twamil (3.000) pwovèb ak mil senk (1.005) chante pou pi piti.


Li fè bèl pawoli sou pyebwa ak tout kalite plant, depi pye sèd peyi Liban yo jouk lyann izòp ki pouse sou miray. Li pale tou sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki trennen sou vant ak sou pwason.

Tweet thisPost on Facebook

Moun te soti toupatou pou vin tande Salomon ap pale. Ata wa tout lòt peyi latè yo te pran nouvèl jan li te gen anpil bon konprann. Yo menm tou yo te voye moun vin tande l'.







This goes to iframe