Le Premier Livre Des Chroniques



I Chroniques 14


Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.


Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la.

Tweet thisPost on Facebook

Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.

Tweet thisPost on Facebook

Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon,


Jibka, Elichwa, Elpelèt,

Tweet thisPost on Facebook

Noga, Nefèg, Jafya,

Tweet thisPost on Facebook

Elichama, Baalyada ak Elifelèt.

Tweet thisPost on Facebook

Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li soti al kontre yo.


Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan.

Tweet thisPost on Facebook

David pale ak Bondye, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.

Tweet thisPost on Facebook

David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.


Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife.

Tweet thisPost on Facebook

Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay.


David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bò isit la. Fè yon detou, pase pa dèyè yo. W'a atake yo bò pye gayak yo.

Tweet thisPost on Facebook

Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo.

Tweet thisPost on Facebook

David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè.


Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.







This goes to iframe