Le Premier Livre Des Chroniques



I Chroniques 2


Men non pitit gason Izrayèl yo: Woubenn, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon,


Dann, Jozèf, Benjamen, Neftali, Gad ak Asè.

Tweet thisPost on Facebook

Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'.


Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak.


Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul.


Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada.


Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a.


Etan te papa Azarya.

Tweet thisPost on Facebook

Ezwon te papa Jerakmeyèl, Ram ak Keloubayi.

Tweet thisPost on Facebook

Ram te papa Aminadab, Aminadab te papa Nachon, yonn nan gwo chèf fanmi Jida yo. Nachon te papa Salma.


Salma te papa Boz.

Tweet thisPost on Facebook

Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.

Tweet thisPost on Facebook

Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l', Abinadab, dezyèm pitit gason l', Chimeya, twazyèm pitit gason l',


Netanèl, katriyèm pitit gason li, Radayi, senkyèm pitit gason li, Ozèm, sizyèm pitit gason li

Tweet thisPost on Facebook

ak David, setyèm pitit gason l'.

Tweet thisPost on Facebook

De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl.


Abigayil te fè yon pitit gason pou Jetè, yon moun nan fanmi Izmayèl. Pitit la te rele Amasa.


Kalèb, pitit Ezwon, te marye ak Azouba. Yo te gen yon pitit fi yo te rele Jeriòt ak twa lòt pitit gason: Jechè, Chobab ak Adon.

Tweet thisPost on Facebook

Lè Azouba mouri, Kalèb marye ak Efrata. Yo te gen yon pitit gason yo rele Our.

Tweet thisPost on Facebook

Our te papa Ouri, Ouri te papa Bezaleyèl.


Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub.


Segoub te papa Jayi. Jayi te gouvènen venntwa lavil nan peyi Galarad.


Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l' zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad.


Lè Ezwon mouri, Kalèb marye ak Efrata, madanm Ezwon, papa l'. Efrata fè yon pitit gason pou li ki te rele Askou, papa Tekoa.


Jerakmeyèl, premye pitit gason Ezwon an, te gen senk pitit gason: Ram, pi gran an, Bouna, Orèn, Ozèm ak Akija.

Tweet thisPost on Facebook

Jerakmeyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Atara fè yon pitit gason pou li. Se te Onam.

Tweet thisPost on Facebook

Ram, premye pitit gason Jerakmeyèl la, te gen twa pitit gason: Maz, Jamen ak Ekè.

Tweet thisPost on Facebook

Onam te gen de pitit gason: Chamayi ak Jada. Chamayi te gen de pitit gason tou: Nadad ak Abichou.

Tweet thisPost on Facebook

Madanm Abichou te rele Abijayil. Li fè de pitit gason pou Abichou: Aban ak Molib.

Tweet thisPost on Facebook

Nadab, frè Abichou a, te gen de pitit gason: Selèd ak Apayim. Men Selèd mouri san kite pitit gason.

Tweet thisPost on Facebook

Apayim te papa Icheyi. Icheyi te papa Chechan, Chechan te papa Alayi.

Tweet thisPost on Facebook

Jada, frè Chamayi a, te gen de pitit gason: Jetè ak Jonatan. Men Jetè mouri san kite pitit gason.

Tweet thisPost on Facebook

Jonatan te gen de pitit gason: Pelèt ak Zaza. Tout moun sa yo se fanmi Jerakmeyèl yo ye.

Tweet thisPost on Facebook

Chechan pa t' gen pitit gason. Tout pitit li yo se fi yo te ye. Li te gen yon domestik ki te moun peyi Lejip. Domestik la te rele Jara.

Tweet thisPost on Facebook

Chechan marye yonn nan pitit fi li yo avè l'. Yo te gen yon pitit gason ki te rele Atayi.

Tweet thisPost on Facebook

Atayi te papa Natan, Natan te papa Zabad.


Zabad te papa Efal, Efal te papa Obèd.

Tweet thisPost on Facebook

Obèd te papa Jeou. Jeou te papa Azarya.

Tweet thisPost on Facebook

Azarya te papa Elèz. Elèz te papa Elasa.

Tweet thisPost on Facebook

Elasa te papa Sismayi, Sismayi te papa Chaloum.

Tweet thisPost on Facebook

Chaloum te papa Jekamya. Jekamya te papa Elichama.

Tweet thisPost on Facebook

Premye pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon.

Tweet thisPost on Facebook

Ebwon te gen kat pitit gason: Kora, Tapwak, Rekèm ak Chema.

Tweet thisPost on Facebook

Chema te papa Raam ki te papa Jòkeam. Rekèm te papa Chamayi.

Tweet thisPost on Facebook

Chamayi te papa Maon ki te papa Betsou.

Tweet thisPost on Facebook

Kalèb te gen yon lòt fanm kay yo te rele Efa. Li fè twa lòt pitit avè l': Aran, Moza ak Gazèz. Aran te gen yon pitit gason yo te rele Gazèz tou.

Tweet thisPost on Facebook

Yon nonm yo te rele Jadayi te gen sis pitit gason: Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chaf.

Tweet thisPost on Facebook

Kalèb te gen yon lòt fanm kay ankò ki te rele Maka. Maka fè de pitit gason pou li: Chebè ak Tirana.

Tweet thisPost on Facebook

Apre sa, Maka fè de lòt pitit gason: Chaf ki te papa Madmana, ak Seva ki te papa Makbena ak Gibeya. Kalèb te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa.


Tout moun sa yo te nan fanmi Kalèb. Our te premye pitit gason Efrata ak Kalèb. Men pitit li yo: Chobal ki te papa Kiriyat-Jearim,

Tweet thisPost on Facebook

Salma ki te papa Betleyèm, ak Arèf ki te papa Betgadè.

Tweet thisPost on Facebook

Chobal, papa Kiriyat-Jearim, te zansèt moun Awoyè yo, mwatye nan moun ki rete Menouyòt yo,


ak moun ki te rete nan Kiriyat-Jearim, ki vle di: moun Jetè yo, moun Pout yo, moun Choumat yo ak moun Michra yo. Moun ki rete lavil Sora ak lavil Echtawòl yo te soti nan branch fanmi moun sa yo tou.

Tweet thisPost on Facebook

Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.







This goes to iframe