Le Premier Livre Des Chroniques



I Chroniques 3


Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l'.


Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'.

Tweet thisPost on Facebook

Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madan David, ki te manman l'.


Јерусалим данас (поглед са запада)

Sis pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa. Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan.


Li fè anpil pitit gason la tou. Batcheba, pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon.


Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt,

Tweet thisPost on Facebook

Noga, Nefèg, Jafya,

Tweet thisPost on Facebook

Elichama, Elyada, Elifelèt.


David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama.


Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa,


Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas,

Tweet thisPost on Facebook

Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam,

Tweet thisPost on Facebook

Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase,

Tweet thisPost on Facebook

Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas.

Tweet thisPost on Facebook

Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum.

Tweet thisPost on Facebook

Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas.


Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl,


Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya.

Tweet thisPost on Facebook

Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit.


Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd.

Tweet thisPost on Facebook

Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya.

Tweet thisPost on Facebook

Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat.


Nearya te gen twa pitit gason: Elioenayi, Izkiya ak Azrikam.

Tweet thisPost on Facebook

Elioenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe