Le Premier Livre Des Chroniques



I Chroniques 6


Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari.


Keyat te gen kat pitit gason: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.

Tweet thisPost on Facebook

Amram te gen de pitit gason, Arawon ak Moyiz ak yon pitit fi yo te rele Miryam. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.


Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa,

Tweet thisPost on Facebook

Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi,

Tweet thisPost on Facebook

Ouzi te papa Zeraja, Zeraja te papa Merajòt,

Tweet thisPost on Facebook

Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub,

Tweet thisPost on Facebook

Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz,


Akimaz te papa Azarya, Azarya te papa Joanan,

Tweet thisPost on Facebook

Joanan te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sèvi prèt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalèm lan.


Azarya te papa Amarya, Amarya te papa Achitoub,


Achitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Chaloum,

Tweet thisPost on Facebook

Chaloum te papa Ilkija, Ilkija te papa Azarya,

Tweet thisPost on Facebook

Azarya te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak.


Wa Nèbikadneza te depòte Jeosadak ansanm ak tout moun peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalèm yo, jan Bondye te vle l' la.


Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari.


Men non pitit Gechon yo: Libni ak Chimeyi.

Tweet thisPost on Facebook

Keyat te papa Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.

Tweet thisPost on Facebook

Merari te papa Makli ak Mouchi. Men non branch fanmi Levi yo dapre zansèt yo.


Gèchon te papa Libni, Libni te papa Jakat, Jakat te papa Zima,

Tweet thisPost on Facebook

Zima te papa Joak, Joak te papa Ido, Ido te papa Zerak, Zerak te papa Jeatrayi.


Keyat te papa Aminadab, Aminadab te papa Kore, Kore te papa Asi.


Asi te papa Elkana, Elkana te papa Ebyasaf, Ebyasaf te papa Asi.

Tweet thisPost on Facebook

Asi te papa Tajat, Tajat te papa Ouryèl, Ouryèl te papa Ouzya, Ouzya te papa Sayil.


Elkana te gen de pitit gason: Amasayi ak Akimòt.


Akimòt te papa Elkana, Elkana te papa Zofayi, Zofayi te papa Naat,


Naat te papa Eliyab, Eliyab te papa Jeworam, Jeworam te papa Elkana. Elkana te papa Samyèl.


Samyèl te gen de pitit gason: Joèl, pi gran an ak Abija, dezyèm lan.

Tweet thisPost on Facebook

Merari bò pa l' te papa Makli, Makli te papa Libni, Libni te papa Chimeyi, Chimeyi te papa Ouza.

Tweet thisPost on Facebook

Ouza te papa Chimeya, Chimeya te papa Agija, Agija te papa Asaja.

Tweet thisPost on Facebook

Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'.


Se yo ki te konn chante devan Tant Randevou a, jouk wa Salomon te fin bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm. Yo te fè travay yo yonn apre lòt dapre regleman yo te ba yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Joèl, ki li menm te pitit Samyèl,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jeworam, ki li menm te pitit Eliyèl, ki li menm te pitit Toak,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Zouf, ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Maat, ki li menm te pitit Amasayi,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Joèl, ki li menm te pitit Azarya, ki li menm te pitit Sofoni,


ki li menm te pitit Tat, ki li menm te pitit Asi, ki li menm te pitit Ebyasaf, ki li menm te pitit Kore,


ki li menm te pitit Jizeya, ki li menm te pitit Keyat, ki li menm te pitit Levi, ki li menm te pitit Izrayèl.

Tweet thisPost on Facebook

Asaf, dezyèm sanba a, te kanpe sou bò dwat Eyman. Asaf te pitit Berekya, ki li menm te pitit Chimeya,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Mikayèl, ki li menm te pitit Baseja, ki li menm te pitit Malkija,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Etni, ki li menm te pitit Zerak, ki li menm te pitit Adaja.


ki li menm te pitit Etan, ki li menm te pitit Zima, ki li menm te pitit Chimeyi,


ki li menm te pitit Jakat, ki li menm te pitit Gèchon, ki li menm te pitit Levi.

Tweet thisPost on Facebook

Etan ki soti nan branch fanmi Merari a te twazyèm sanba a ki te sou bò gòch Eyman. Se pitit Kichi li te ye. Kichi sa a te pitit Abdi, ki li menm te pitit Malouk,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Asabija, ki limenm te pitit Amazya, ki li menm te pitit Ilkija,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Amasi, ki li menm te pitit Bani, ki li menm te pitit Chemè,

Tweet thisPost on Facebook

ki li menm te pitit Mali, ki li menm te pitit Mouchi, ki li menm te pitit Merari, ki li menm te pitit Levi.

Tweet thisPost on Facebook

Lòt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sèvis Tanp Seyè a.

Tweet thisPost on Facebook

Se Arawon ak pitit li yo ki te pou boule bèt yo te ofri sou lotèl yo te mete la pou sa, ak lansan sou lotèl lansan an. Se yo menm tou ki te reskonsab pou tout sèvis nan kay yo mete apa nèt pou Seyè a, pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la, dapre tout regleman Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay.


Men fanmi Arawon yo: Arawon te papa Eleaza, Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa,


Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, Ouzi te papa Zeraja,

Tweet thisPost on Facebook

Zeraja te papa Merajòt, Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub,

Tweet thisPost on Facebook

Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz.

Tweet thisPost on Facebook

Men kote fanmi Arawon yo te rete ak limit zòn ki te pou yo. Lè yo fè tiraj osò, se branch fanmi Keyat yo ki soti an premye avèk


Ebwon, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, ansanm ak tout savann pou bèt yo.


Yo bay Kalèb, pitit Jefoune a, tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo.


Men lavil yo te bay moun branch fanmi Arawon yo: Ebwon ansanm ak tout savann pou bèt yo, Libna ak tout savann pou bèt yo, Jati ak tout savann pou bèt yo, Estemoa ak tout savann pou bèt yo,


Ilenn ak tout savann pou bèt yo, Debi ak tout savann pou bèt yo,


Achan ak tout savann pou bèt yo, Bètchemèch ak tout savann pou bèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nan pòsyon tè moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bèt yo, Alemèt ak tout savann pou bèt yo, Anatòt ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa.


Yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, pou branch fanmi Dann lan ak pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, yo bay rès moun nan fanmi Keyat la.


Trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Nèftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase nan peyi Bazan an te soti pou branch fanmi Gèchon yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa.

Tweet thisPost on Facebook

Konsa tou, douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon soti pou branch fanmi Merari yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa.


Se konsa moun pèp Izrayèl yo bay moun Levi yo lavil sa yo pou yo rete ansanm ak tout savann pou bèt yo.


Yo te tire osò tou pou yo ba yo lavil nan pòsyon tè branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen, jan nou sot nonmen yo a.

Tweet thisPost on Facebook

Gen kèk fanmi nan branch Keyat la ki te jwenn lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim lan.


Yo ba yo tou lavil Sichèm, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon an, ansanm ak tout savann pou bèt yo nan mòn Efrayim lan, Gezè ansanm ak tout savann pou bèt yo,


Yokmeam ak tout savann pou bèt yo, Bètowon ak tout savann pou bèt yo,

Tweet thisPost on Facebook

Ajalon ak tout savann pou bèt yo,

Tweet thisPost on Facebook

Gat-Rimon ak tout savann pou bèt yo. Nan pòsyon tè ki pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, sou bò solèy kouche, yo ba yo Tanak ak tout savann pou bèt yo, Jibleam ak tout savann pou bèt yo. Tou sa pou rès fanmi nan branch Keyat la.

Tweet thisPost on Facebook

Nan pòsyon tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a sou bò solèy leve, yo bay moun fanmi Gèchon yo lavil Golan nan peyi Bazan ak tout savann pou bèt yo, lavil Astawòt ak tout savann pou bèt yo.


Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka a, yo ba yo Kadès ak tout savann pou bèt yo, Dobera ak tout savann pou bèt yo,


Ramòt ak tout savann pou bèt yo, Anèm ak tout savann pou bèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a, yo ba yo Machal ak tout savann pou bèt yo, Abdon ak tout savann pou bèt yo,

Tweet thisPost on Facebook

Oukòk ak tout savann pou bèt yo, Reyòb ak tout savann pou bèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nan pòsyon tè pou branch fanmi Neftali a, yo ba yo Kadès nan peyi Galile ak tout savann pou bèt yo, Amon ak tout savann pou bèt yo, Kiriyatayim ak tout savann pou bèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an, yo bay Rimono ak tout savann pou bèt yo, Tabò ak tout savann pou bèt yo pou rès moun nan branch fanmi Merari a.

Tweet thisPost on Facebook

Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn lan, sou bò solèy leve larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, yo ba yo Bezè nan dezè a ak tout savann pou bèt yo, Jaza ak tout savann pou bèt yo,

Tweet thisPost on Facebook

Kedemòt ak tout savann pou bèt yo, Mefat ak tout savann pou bèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la, yo ba yo Ramòt nan peyi Galarad ak tout savann pou bèt yo, Manayim ak tout savann pou bèt yo,

Tweet thisPost on Facebook

Esbon ak tout savann pou bèt yo, Jazè ak tout savann pou bèt yo.







This goes to iframe