Esther



Esther 4


Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò.


Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.

Tweet thisPost on Facebook

Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize.

Tweet thisPost on Facebook

Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l' bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa.

Tweet thisPost on Facebook

Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a.

Tweet thisPost on Facebook

Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo.


Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l' pou l' pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l' sitiyasyon an, lèfini pou Estè al bò kot wa a pou pale avè l', pou mande l' gras pou pèp li a.


Atach al di Estè tou sa Madoche te di l'.

Tweet thisPost on Facebook

Estè menm voye Atach di Madoche konsa: -Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l'. Si yon moun fè sa, y'ap touye l'. Se lalwa.

Tweet thisPost on Facebook

Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.


Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a,

Tweet thisPost on Facebook

Madoche voye repons sa a bay Estè: -Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete.


Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.


Царица Јестира

Estè voye reponn Madoche:


-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.


Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l' fè a.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe