Job



Job 12


Jòb pran lapawòl, li di:

Tweet thisPost on Facebook

-Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!


Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'.


Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.


Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.


Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.

Tweet thisPost on Facebook

Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.

Tweet thisPost on Facebook

Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.

Tweet thisPost on Facebook

Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.


Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.


Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.


Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.

Tweet thisPost on Facebook

Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.


Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.


Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.


Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.


Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!


Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.


Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt.


Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.


Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe