Job



Job 16


Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.


Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!

Tweet thisPost on Facebook

Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.


M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.

Tweet thisPost on Facebook

Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.

Tweet thisPost on Facebook

Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.

Tweet thisPost on Facebook

Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.


Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!

Tweet thisPost on Facebook

Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.


Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.


Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.


L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.


Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.


Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.


Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.

Tweet thisPost on Facebook

Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!


Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.


Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.


M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.







This goes to iframe