Job



Job 18


Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou!

Tweet thisPost on Facebook

Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo?


Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?


Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò.


Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen.

Tweet thisPost on Facebook

Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.

Tweet thisPost on Facebook

Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'.

Tweet thisPost on Facebook

Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere.

Tweet thisPost on Facebook

Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.

Tweet thisPost on Facebook

Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.


Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li.


Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'.

Tweet thisPost on Facebook

Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò.


Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.


Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen.


p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.


Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo.


Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'.


Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini.

Tweet thisPost on Facebook

Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.







This goes to iframe