Job



Job 19


Jòb pran lapawòl, li di konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?


Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?


Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?


Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.


Nou pa wè se Bondye k'ap manyen avè m'. Se li menm ki pran m' nan pèlen.


Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen.


Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'.

Tweet thisPost on Facebook

Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.


Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi.


Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wè sa. Yo sènen m' anndan lakay mwen.


Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.


Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.

Tweet thisPost on Facebook

Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'.

Tweet thisPost on Facebook

Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l', li pa okipe m'.

Tweet thisPost on Facebook

Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m'.

Tweet thisPost on Facebook

Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fè yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten.

Tweet thisPost on Facebook

Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.


Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Poukisa pou nou leve dèyè m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m' kont nou?

Tweet thisPost on Facebook

Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye,

Tweet thisPost on Facebook

pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make!

Tweet thisPost on Facebook

Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.


Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.


Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,

Tweet thisPost on Facebook

paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?

Tweet thisPost on Facebook

Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe