Job



Job 21


Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a!


Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou!

Tweet thisPost on Facebook

Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò!


Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble.


Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?


Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.

Tweet thisPost on Facebook

Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje.


Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte.


Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.

Tweet thisPost on Facebook

Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.

Tweet thisPost on Facebook

Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.


Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'?


Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non.

Tweet thisPost on Facebook

Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo,

Tweet thisPost on Facebook

pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?

Tweet thisPost on Facebook

Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?

Tweet thisPost on Facebook

Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.

Tweet thisPost on Facebook

Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la?

Tweet thisPost on Facebook

Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè?

Tweet thisPost on Facebook

Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.

Tweet thisPost on Facebook

Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl.

Tweet thisPost on Facebook

Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè.

Tweet thisPost on Facebook

Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.


Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.

Tweet thisPost on Facebook

N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.


Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay?

Tweet thisPost on Facebook

Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!


Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?

Tweet thisPost on Facebook

Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.

Tweet thisPost on Facebook

Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo.


Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.







This goes to iframe