Job



Job 28


Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.

Tweet thisPost on Facebook

Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.

Tweet thisPost on Facebook

Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.


Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde.

Tweet thisPost on Facebook

Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.

Tweet thisPost on Facebook

Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'.

Tweet thisPost on Facebook

Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.

Tweet thisPost on Facebook

Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.

Tweet thisPost on Facebook

Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.

Tweet thisPost on Facebook

Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache.

Tweet thisPost on Facebook

Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?


Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.


Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.


Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.


Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.


Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò.

Tweet thisPost on Facebook

Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.

Tweet thisPost on Facebook

Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.

Tweet thisPost on Facebook

Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?

Tweet thisPost on Facebook

Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.

Tweet thisPost on Facebook

Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'.

Tweet thisPost on Facebook

Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.


Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la.


Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a,


lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde,


se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.

Tweet thisPost on Facebook

Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.







This goes to iframe