Job



Job 3


Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la.

Tweet thisPost on Facebook

Li di konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Se pou Bondye efase jou m' te fèt la. Se pou l' efase jou lannwit m' te konmanse devlope nan vant manman m' lan.


Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l'.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt.


Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l' pou li nèt. Se pou l' disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l' nan almanak ankò.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri!

Tweet thisPost on Facebook

Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an!


Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve.

Tweet thisPost on Facebook

Paske li pa t' enpoze m' soti nan vant manman m', li pa t' egzante m' tout soufrans sa yo.

Tweet thisPost on Facebook

Poukisa mwen pa t' mouri depi nan vant manman m'? Poukisa mwen pa t' tou mouri nan pasaj kite sa?


Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m' sou jenou li epi ki ban m' tete?

Tweet thisPost on Facebook

Si m' te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze,

Tweet thisPost on Facebook

ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan.

Tweet thisPost on Facebook

Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri.


Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo.

Tweet thisPost on Facebook

Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo.

Tweet thisPost on Facebook

Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò!

Tweet thisPost on Facebook

Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?


Y'ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès!


Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè.


Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase.


Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m' tankou larivyè k'ap koule.

Tweet thisPost on Facebook

Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe