Job



Job 34


Eliyou pran lapawòl ankò. Li di konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Nou menm moun lespri yo, koute sa m'ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou!

Tweet thisPost on Facebook

Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou.


Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an kote pou l' ye a.

Tweet thisPost on Facebook

Jòb pretann li nan dwa li, se Bondye ki derefize rann li jistis.


Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal.


Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo.

Tweet thisPost on Facebook

Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye.


Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.


Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo.


Non! Bondye pa janm fè sa ki mal. Bondye ki gen tout pouvwa a pa nan paspouki.

Tweet thisPost on Facebook

Se pa yon lòt moun ki te bay Bondye pouvwa pou l' gouvènen latè, ni se pa yon lòt moun ki te mete tou sa ki egziste sou kont li.

Tweet thisPost on Facebook

-(we vèsè pwochen)


Si Bondye te kenbe souf ki bay lavi a pou tèt li, yon sèl kou a, bèt kou moun ta mouri. Yo ta tounen pousyè tè ankò.

Tweet thisPost on Facebook

Si nou gen bon konprann, koute sa byen. Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap di.

Tweet thisPost on Facebook

Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen?


Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste.

Tweet thisPost on Facebook

Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.


Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li.

Tweet thisPost on Facebook

L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo.

Tweet thisPost on Facebook

Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè.


Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo.


Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo.


Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'.

Tweet thisPost on Facebook

Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè.

Tweet thisPost on Facebook

Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo.

Tweet thisPost on Facebook

Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.


Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.

Tweet thisPost on Facebook

Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la.


Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.

Tweet thisPost on Facebook

Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.

Tweet thisPost on Facebook

Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou.


Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa:

Tweet thisPost on Facebook

Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt.


Egzaminen byen tou sa Jòb di la a. N'a wè li pale tankou yon moun ki mechan nan kè l'.

Tweet thisPost on Facebook

Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe