Job



Job 36


Eliyou pran pale ankò, li di konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a.


Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann.

Tweet thisPost on Facebook

Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri.

Tweet thisPost on Facebook

Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo.


Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo,


Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche.

Tweet thisPost on Facebook

Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal.

Tweet thisPost on Facebook

Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.


Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen.

Tweet thisPost on Facebook

Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.

Tweet thisPost on Facebook

Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd.

Tweet thisPost on Facebook

Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo.

Tweet thisPost on Facebook

Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.

Tweet thisPost on Facebook

Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la.

Tweet thisPost on Facebook

Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado!

Tweet thisPost on Facebook

Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la.

Tweet thisPost on Facebook

Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo.

Tweet thisPost on Facebook

Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa.


Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'.


Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal.


Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la.


Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade.


Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.


Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli.

Tweet thisPost on Facebook

Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè.

Tweet thisPost on Facebook

Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a.

Tweet thisPost on Facebook

Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo.

Tweet thisPost on Facebook

Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite.

Tweet thisPost on Facebook

Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a.

Tweet thisPost on Facebook

Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe