Les Psaumes



Psaume 21


Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.

Tweet thisPost on Facebook

Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou.


Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.

Tweet thisPost on Facebook

Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.


Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,


Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.


Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.


Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo.

Tweet thisPost on Facebook

Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.


W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.

Tweet thisPost on Facebook

Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo.

Tweet thisPost on Facebook

L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale.


Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!







This goes to iframe