Les Psaumes



Psaume 24


Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.


Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.


Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?

Tweet thisPost on Facebook

Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.


Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.


Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.

Tweet thisPost on Facebook

Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!


Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.

Tweet thisPost on Facebook

Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!

Tweet thisPost on Facebook

Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe