Les Psaumes



Psaume 26


Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.


Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',

Tweet thisPost on Facebook

Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit.


Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.


Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,


pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.


Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,


ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.

Tweet thisPost on Facebook

Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.

Tweet thisPost on Facebook

M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe