Les Psaumes



Psaume 3


David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!


Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!


Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.


Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.


Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.

Tweet thisPost on Facebook

Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.


Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.







This goes to iframe