Les Psaumes



Psaume 37


Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!


Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.


Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!


Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.


Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

Tweet thisPost on Facebook

L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.


Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.


Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.

Tweet thisPost on Facebook

Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.

Tweet thisPost on Facebook

Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.


Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.


Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.


Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.


Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.


Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.


Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.


Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.

Tweet thisPost on Facebook

Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.


Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.


Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.

Tweet thisPost on Facebook