Les Psaumes



Psaume 38


Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!

Tweet thisPost on Facebook

Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.

Tweet thisPost on Facebook

Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.


Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.


Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'


Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.


Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.

Tweet thisPost on Facebook

Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!


Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.


Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.

Tweet thisPost on Facebook

Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.


Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.


Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.

Tweet thisPost on Facebook

Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.


Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!


Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.







This goes to iframe