Les Psaumes



Psaume 6


Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!

Tweet thisPost on Facebook

Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.


Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?


Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.

Tweet thisPost on Facebook

Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.


Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.

Tweet thisPost on Facebook

Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.

Tweet thisPost on Facebook

Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.

Tweet thisPost on Facebook

Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.


Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe