Les Psaumes



Psaume 7


Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo.

Tweet thisPost on Facebook

Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou.


Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,


si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,


ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.


Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.

Tweet thisPost on Facebook

Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.

Tweet thisPost on Facebook

Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.


Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.

Tweet thisPost on Facebook

Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.

Tweet thisPost on Facebook

Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.


Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.

Tweet thisPost on Facebook

Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.

Tweet thisPost on Facebook

Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.


Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li!


Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe