Les Psaumes



Psaume 78


Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di!


Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan,


bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou.


Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.


Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a,


pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'.


Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.

Tweet thisPost on Facebook

Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.


Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare.

Tweet thisPost on Facebook

Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.

Tweet thisPost on Facebook

Yo fè espre, yo bliye sa li te fè, tout mèvèy li te fè yo wè.


Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.


Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.


Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.


Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè.


Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a.


Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a.

Tweet thisPost on Facebook

Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a?


Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann?


Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo,

Tweet thisPost on Facebook

paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo.


Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.


Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la.


Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.

Tweet thisPost on Facebook

Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.

Tweet thisPost on Facebook

Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo.

Tweet thisPost on Facebook

Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi.

Tweet thisPost on Facebook

Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou,


lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la.

Tweet thisPost on Facebook

Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo.

Tweet thisPost on Facebook

Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt.


Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.


Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.


Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo.

Tweet thisPost on Facebook

Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.


Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle.


Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè!

Tweet thisPost on Facebook

Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa!

Tweet thisPost on Facebook

Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo,

Tweet thisPost on Facebook

lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi.

Tweet thisPost on Facebook

Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray.

Tweet thisPost on Facebook

Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo.


Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.


Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a.

Tweet thisPost on Facebook

Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè yo rive sou fwontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouraj li a.


Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.


Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè!

Tweet thisPost on Facebook

Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.


Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.


Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.


Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.


Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale.


Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè.

Tweet thisPost on Facebook

Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo.

Tweet thisPost on Facebook

Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo.


Se lè sa a Seyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li.


Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.

Tweet thisPost on Facebook

Li voye pitit Jozèf yo jete, li pa t' chwazi branch fanmi Efrayim lan.

Tweet thisPost on Facebook

Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.


Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.


Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,

Tweet thisPost on Facebook

dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la.


David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.







This goes to iframe