Les Psaumes



Psaume 81


Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!

Tweet thisPost on Facebook

Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.

Tweet thisPost on Facebook

Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!

Tweet thisPost on Facebook

Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay!


Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa:

Tweet thisPost on Facebook

(:-)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.

Tweet thisPost on Facebook

Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.

Tweet thisPost on Facebook

Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!

Tweet thisPost on Facebook

Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!

Tweet thisPost on Facebook

Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!


Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.

Tweet thisPost on Facebook

Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.


Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!


Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe