Les Psaumes



Psaume 83


Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!


Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!


Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.


Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!


Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.

Tweet thisPost on Facebook

Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,

Tweet thisPost on Facebook

moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.

Tweet thisPost on Facebook

Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.

Tweet thisPost on Facebook

Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.


Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.

Tweet thisPost on Facebook

Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,


paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.

Tweet thisPost on Facebook

Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.

Tweet thisPost on Facebook

Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,

Tweet thisPost on Facebook

se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!


Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.

Tweet thisPost on Facebook

Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.

Tweet thisPost on Facebook

Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.







This goes to iframe