Les Psaumes



Psaume 91


Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a


ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

Tweet thisPost on Facebook

L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.


Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.


Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.


Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.

Tweet thisPost on Facebook

W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.


Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,

Tweet thisPost on Facebook

okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.


Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.


Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.


W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.


Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.


M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.







This goes to iframe