Les Psaumes



Psaume 96


Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!


Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.

Tweet thisPost on Facebook

Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.


Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.


Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!

Tweet thisPost on Facebook

Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!


Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!

Tweet thisPost on Facebook

Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.


Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.


Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.


Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,

Tweet thisPost on Facebook

lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.







This goes to iframe