Les Proverbes



Proverbes 17


Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman.


Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit.

Tweet thisPost on Facebook

Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.


Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti.

Tweet thisPost on Facebook

Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.


Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.

Tweet thisPost on Facebook

Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè.


Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.

Tweet thisPost on Facebook

Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.

Tweet thisPost on Facebook

Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'.

Tweet thisPost on Facebook

Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.


Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.


Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.


Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.


Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.

Tweet thisPost on Facebook

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Tweet thisPost on Facebook

Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.

Tweet thisPost on Facebook

Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka.

Tweet thisPost on Facebook

Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan.

Tweet thisPost on Facebook

Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.


Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.


Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle.


Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.

Tweet thisPost on Facebook

Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe