Les Proverbes



Proverbes 18


Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.

Tweet thisPost on Facebook

Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.

Tweet thisPost on Facebook

Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.

Tweet thisPost on Facebook

Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan.


Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.


Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.


Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.

Tweet thisPost on Facebook

Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.


Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.

Tweet thisPost on Facebook

Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.


Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.


Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?

Tweet thisPost on Facebook

Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.


Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.


Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.


Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.

Tweet thisPost on Facebook

Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.

Tweet thisPost on Facebook

Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li.

Tweet thisPost on Facebook

Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.


Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'.

Tweet thisPost on Facebook

Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun.


Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.







This goes to iframe