Les Proverbes



Proverbes 20


Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.


Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.

Tweet thisPost on Facebook

Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.


Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'.

Tweet thisPost on Facebook

Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.


Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.


Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.

Tweet thisPost on Facebook

Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.


Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?


Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.


Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.


Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.


Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.


Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.

Tweet thisPost on Facebook

Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè.

Tweet thisPost on Facebook

Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.

Tweet thisPost on Facebook

Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.

Tweet thisPost on Facebook

Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.


Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.


Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.


Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.


Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.

Tweet thisPost on Facebook

Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?


Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.

Tweet thisPost on Facebook

Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.

Tweet thisPost on Facebook

Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.

Tweet thisPost on Facebook

Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.

Tweet thisPost on Facebook

Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'.

Tweet thisPost on Facebook

Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe