Les Proverbes



Proverbes 23


Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.

Tweet thisPost on Facebook

Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.

Tweet thisPost on Facebook

Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.


Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.


Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.

Tweet thisPost on Facebook

Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.


Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.

Tweet thisPost on Facebook

W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.

Tweet thisPost on Facebook

Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.


Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.

Tweet thisPost on Facebook

Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.


Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.

Tweet thisPost on Facebook

Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.

Tweet thisPost on Facebook

Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri.


Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.

Tweet thisPost on Facebook

M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.

Tweet thisPost on Facebook

Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.

Tweet thisPost on Facebook

Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.


Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.

Tweet thisPost on Facebook

Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.


Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.

Tweet thisPost on Facebook

Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.


Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.


Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.

Tweet thisPost on Facebook

Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.

Tweet thisPost on Facebook

Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.

Tweet thisPost on Facebook

Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.

Tweet thisPost on Facebook

Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.


Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?


Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.

Tweet thisPost on Facebook

Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.

Tweet thisPost on Facebook

Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.

Tweet thisPost on Facebook

W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.

Tweet thisPost on Facebook

W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.

Tweet thisPost on Facebook

Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.







This goes to iframe