Les Proverbes



Proverbes 27


Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.


Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.

Tweet thisPost on Facebook

Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.


Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?


Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.


Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou.


Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.

Tweet thisPost on Facebook

Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.


Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.

Tweet thisPost on Facebook

Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

Tweet thisPost on Facebook

Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo.


Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.


Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.

Tweet thisPost on Facebook

Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.


Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.

Tweet thisPost on Facebook

Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!

Tweet thisPost on Facebook

Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

Tweet thisPost on Facebook

Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.


Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.

Tweet thisPost on Facebook

Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.


Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.


Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.

Tweet thisPost on Facebook

Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.

Tweet thisPost on Facebook

Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.

Tweet thisPost on Facebook

Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.

Tweet thisPost on Facebook

Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.

Tweet thisPost on Facebook

W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.

Tweet thisPost on Facebook






This goes to iframe