Les Proverbes



Proverbes 31


Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li:

Tweet thisPost on Facebook

Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou?

Tweet thisPost on Facebook

Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.


Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.


Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.


Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.


Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.

Tweet thisPost on Facebook

Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.


Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.

Tweet thisPost on Facebook

Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.

Tweet thisPost on Facebook

Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.

Tweet thisPost on Facebook

Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.

Tweet thisPost on Facebook

Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.

Tweet thisPost on Facebook

Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.


Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.

Tweet thisPost on Facebook

Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.

Tweet thisPost on Facebook

Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.

Tweet thisPost on Facebook

Li file koton, li koud rad li.

Tweet thisPost on Facebook

Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.

Tweet thisPost on Facebook

Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.

Tweet thisPost on Facebook

Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.


Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.


Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.

Tweet thisPost on Facebook

Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.


Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.

Tweet thisPost on Facebook

Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.


Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.


L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!

Tweet thisPost on Facebook

Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.


Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.







This goes to iframe