Les Proverbes



Proverbes 4


Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.


Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.

Tweet thisPost on Facebook

Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.


Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.


Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.

Tweet thisPost on Facebook

Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.


Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.


renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou.


Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.

Tweet thisPost on Facebook

Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.

Tweet thisPost on Facebook

Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

Tweet thisPost on Facebook

Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.


Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.

Tweet thisPost on Facebook

Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.

Tweet thisPost on Facebook

Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.

Tweet thisPost on Facebook

Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.


Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.

Tweet thisPost on Facebook

Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.


Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.


Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.

Tweet thisPost on Facebook

Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.


Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.

Tweet thisPost on Facebook

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.


Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.

Tweet thisPost on Facebook

Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.


Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.

Tweet thisPost on Facebook

Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.







This goes to iframe