Les Nombres



Nombres 34


Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a.


Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a.


L'a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l'a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L'a pran direksyon nò, l'a moute bò Aza ada, l'a rive Achmon,


l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane.


Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè.

Tweet thisPost on Facebook

Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la.


Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.


N'a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a.


Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam.

Tweet thisPost on Facebook

L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.


Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l' al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò.

Tweet thisPost on Facebook

Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la.


Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa.


Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.

Tweet thisPost on Facebook

Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

Tweet thisPost on Facebook

-Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan,


avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.

Tweet thisPost on Facebook

Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a.


Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la.


Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan.


Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a.

Tweet thisPost on Facebook

Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a,


ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan.

Tweet thisPost on Facebook

Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la.

Tweet thisPost on Facebook

Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an.

Tweet thisPost on Facebook

Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a.

Tweet thisPost on Facebook

Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la.

Tweet thisPost on Facebook

Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.







This goes to iframe